2 HAT Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wè yo ak pwòp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lòd mache fè konnen pawòl Bondye a. BSB BSB: just as they were handed down to us by the initial eyewitnesses and servants of the word.
3 HAT Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Koulye a, mwen kwè se yon bon bagay pou m' ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen. BSB BSB: Therefore, having carefully investigated everything from the beginning, it seemed good also to me to write an orderly account for you, most excellent Theophilus,
4 HAT Konsa wa kapab rekonèt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye. BSB BSB: so that you may know the certainty of the things you have been taught.
6 HAT Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch. BSB BSB: Both of them were righteous in the sight of God, walking blamelessly in all the commandments and decrees of the Lord.
7 HAT Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabèt pa t' kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun. BSB BSB: But they had no children, because Elizabeth was barren, and they were both well along in years.
8 HAT Yon jou, Zakari te desèvis kou prèt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la. BSB BSB: One day while Zechariah’s division was on duty and he was serving as priest before God,
9 HAT Dapre koutim sèvis la, yo te tire osò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti. BSB BSB: he was chosen by lot, according to the custom of the priesthood, to enter the temple of the Lord and burn incense.
10 HAT Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an. BSB BSB: And at the hour of the incense offering, the whole congregation was praying outside.
11 HAT Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari; li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. BSB BSB: Just then an angel of the Lord appeared to Zechariah, standing at the right side of the altar of incense.
12 HAT Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil. BSB BSB: When Zechariah saw him, he was startled and gripped with fear.
13 HAT Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan. BSB BSB: But the angel said to him, “Do not be afraid, Zechariah, because your prayer has been heard. Your wife Elizabeth will bear you a son, and you are to give him the name John.
14 HAT Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. BSB BSB: He will be a joy and delight to you, and many will rejoice at his birth,
15 HAT L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a. BSB BSB: for he will be great in the sight of the Lord. He shall never take wine or strong drink, and he will be filled with the Holy Spirit even from his mother’s womb.
16 HAT L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. BSB BSB: Many of the sons of Israel he will turn back to the Lord their God.
18 HAT Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. BSB BSB: “How can I be sure of this?” Zechariah asked the angel. “I am an old man, and my wife is well along in years.”
19 HAT Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou. BSB BSB: “I am Gabriel,” replied the angel. “I stand in the presence of God, and I have been sent to speak to you and to bring you this good news.
20 HAT Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive. BSB BSB: And now you will be silent and unable to speak until the day this comes to pass, because you did not believe my words, which will be fulfilled at their proper time.”
21 HAT Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wè jan l' te mize nan tanp lan. BSB BSB: Meanwhile, the people were waiting for Zechariah and wondering why he took so long in the temple.
22 HAT Men, lè Zakari soti, li pa t' kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale. BSB BSB: When he came out and was unable to speak to them, they realized he had seen a vision in the temple. He kept making signs to them but remained unable to speak.
23 HAT Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li. BSB BSB: And when the days of his service were complete, he returned home.
24 HAT Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay; li t'ap di: BSB BSB: After these days, his wife Elizabeth became pregnant and for five months remained in seclusion. She declared,
25 HAT Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se koulye a sa fè l' plezi pou l' wete dezonè m' devan lèzòm. BSB BSB: “The Lord has done this for me. In these days He has shown me favor and taken away my disgrace among the people.”
27 HAT Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. BSB BSB: to a virgin pledged in marriage to a man named Joseph, who was of the house of David. And the virgin’s name was Mary.
28 HAT Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. BSB BSB: The angel appeared to her and said, “Greetings, you who are highly favored! The Lord is with you.”
29 HAT Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l' kisa bonjou sa a te vle di. BSB BSB: Mary was greatly troubled at his words and wondered what kind of greeting this might be.
30 HAT Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. BSB BSB: So the angel told her, “Do not be afraid, Mary, for you have found favor with God.
31 HAT Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. BSB BSB: Behold, you will conceive and give birth to a son, and you are to give Him the name Jesus.
32 HAT L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. BSB BSB: He will be great and will be called the Son of the Most High. The Lord God will give Him the throne of His father David,
33 HAT La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini. BSB BSB: and He will reign over the house of Jacob forever. His kingdom will never end!”
35 HAT Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye. BSB BSB: The angel replied, “The Holy Spirit will come upon you, and the power of the Most High will overshadow you. So the Holy One to be born will be called the Son of God.
36 HAT Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. BSB BSB: Look, even Elizabeth your relative has conceived a son in her old age, and she who was called barren is in her sixth month.
37 HAT Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. BSB BSB: For no word from God will ever fail.”
39 HAT Nan menm epòk sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan mòn peyi Jide a. BSB BSB: In those days Mary got ready and hurried to a town in the hill country of Judah,
40 HAT Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. BSB BSB: where she entered the home of Zechariah and greeted Elizabeth.
41 HAT Lè Elizabèt tande Mari di l' bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. BSB BSB: When Elizabeth heard Mary’s greeting, the baby leaped in her womb, and Elizabeth was filled with the Holy Spirit.
42 HAT Li pran pale byen fò, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. BSB BSB: In a loud voice she exclaimed, “Blessed are you among women, and blessed is the fruit of your womb!
43 HAT Kisa m' ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? BSB BSB: And why am I so honored, that the mother of my Lord should come to me?
44 HAT Gade! Bonjou ou la poko rive nan zòrèy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tèlman li kontan. BSB BSB: For as soon as the sound of your greeting reached my ears, the baby in my womb leaped for joy.
45 HAT Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre. BSB BSB: Blessed is she who has believed that the Lord’s word to her will be fulfilled.”
47 HAT Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. BSB BSB: and my spirit rejoices in God my Savior!
49 HAT Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. BSB BSB: For the Mighty One has done great things for me. Holy is His name.
50 HAT L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. BSB BSB: His mercy extends to those who fear Him, from generation to generation.
51 HAT Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. BSB BSB: He has performed mighty deeds with His arm; He has scattered those who are proud in the thoughts of their hearts.
52 HAT Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. BSB BSB: He has brought down rulers from their thrones, but has exalted the humble.
53 HAT Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen. BSB BSB: He has filled the hungry with good things, but has sent the rich away empty.
54 HAT Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, BSB BSB: He has helped His servant Israel, remembering to be merciful,
55 HAT pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo. BSB BSB: as He promised to our fathers, to Abraham and his descendants forever.”
56 HAT Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li. BSB BSB: Mary stayed with Elizabeth for about three months and then returned home.
57 HAT Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason. BSB BSB: When the time came for Elizabeth to have her child, she gave birth to a son.
58 HAT Vwazinaj ak fanmi l' yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li. BSB BSB: Her neighbors and relatives heard that the Lord had shown her great mercy, and they rejoiced with her.
59 HAT Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la; yo te vle rele l' Zakari, menm non ak papa li. BSB BSB: On the eighth day, when they came to circumcise the child, they were going to name him after his father Zechariah.
60 HAT Men, manman l' di yo: Non, se Jan pou l' rele. BSB BSB: But his mother replied, “No! He shall be called John.”
61 HAT Yo di l' konsa: Men, pa gen pesonn nan fanmi ou ki rele Jan. BSB BSB: They said to her, “There is no one among your relatives who bears this name.”
62 HAT Yo fè papa a siy pou mande l' ki non li ta vle bay pitit la. BSB BSB: So they made signs to his father to find out what he wanted to name the child.
63 HAT Zakari mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li. Yo tout te sezi. BSB BSB: Zechariah asked for a tablet and wrote, “His name is John.” And they were all amazed.
64 HAT Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò. BSB BSB: Immediately Zechariah’s mouth was opened and his tongue was released, and he began to speak, praising God.
65 HAT Tout moun ki te nan vwazinaj la te pè; nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jidè a. BSB BSB: All their neighbors were filled with awe, and people throughout the hill country of Judea were talking about these events.
66 HAT Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo; yonn t'ap di lòt: Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre. BSB BSB: And all who heard this wondered in their hearts and asked, “What then will this child become?” For the Lord’s hand was with him.
67 HAT Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li: BSB BSB: Then his father Zechariah was filled with the Holy Spirit and prophesied:
68 HAT Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. BSB BSB: “Blessed be the Lord, the God of Israel, because He has visited and redeemed His people.
69 HAT Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li soti. BSB BSB: He has raised up a horn of salvation for us in the house of His servant David,
70 HAT Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. BSB BSB: as He spoke through His holy prophets, those of ages past,
71 HAT Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo. BSB BSB: salvation from our enemies and from the hand of all who hate us,
72 HAT Se konsa la gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a. BSB BSB: to show mercy to our fathers and to remember His holy covenant,
73 HAT Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an. BSB BSB: the oath He swore to our father Abraham, to grant us
74 HAT Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè. BSB BSB: deliverance from hostile hands, that we may serve Him without fear,
75 HAT Wi, la fè nou viv apa pou Bondye, la fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou. BSB BSB: in holiness and righteousness before Him all the days of our lives.
76 HAT Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, wa pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li. BSB BSB: And you, child, will be called a prophet of the Most High; for you will go on before the Lord to prepare the way for Him,
77 HAT Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo. BSB BSB: to give to His people the knowledge of salvation through the forgiveness of their sins,
78 HAT Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve. BSB BSB: because of the tender mercy of our God, by which the Dawn will visit us from on high,
79 HAT Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbraj lanmò. Li gen pou l' fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a. BSB BSB: to shine on those who live in darkness and in the shadow of death, to guide our feet into the path of peace.”
80 HAT Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l' t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l' te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la. BSB BSB: And the child grew and became strong in spirit; and he lived in the wilderness until the time of his public appearance to Israel.