2 HATBSA jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo. BSB BSB: just as they were handed down to us by the initial eyewitnesses and servants of the word.
3 HATBSA Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, chè ekselans Théophile. BSB BSB: Therefore, having carefully investigated everything from the beginning, it seemed good also to me to write an orderly account for you, most excellent Theophilus,
4 HATBSA Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te enstwi yo. BSB BSB: so that you may know the certainty of the things you have been taught.
6 HATBSA Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a. BSB BSB: Both of them were righteous in the sight of God, walking blamelessly in all the commandments and decrees of the Lord.
7 HATBSA Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj. BSB BSB: But they had no children, because Elizabeth was barren, and they were both well along in years.
8 HATBSA Alò, li vin rive ke pandan li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l, BSB BSB: One day while Zechariah’s division was on duty and he was serving as priest before God,
9 HATBSA selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan. BSB BSB: he was chosen by lot, according to the custom of the priesthood, to enter the temple of the Lord and burn incense.
10 HATBSA Tout foul pèp la t ap priye deyò a nan lè ofrann lansan an. BSB BSB: And at the hour of the incense offering, the whole congregation was praying outside.
11 HATBSA Konsa, yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an. BSB BSB: Just then an angel of the Lord appeared to Zechariah, standing at the right side of the altar of incense.
12 HATBSA Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li. BSB BSB: When Zechariah saw him, he was startled and gripped with fear.
13 HATBSA Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. BSB BSB: But the angel said to him, “Do not be afraid, Zechariah, because your prayer has been heard. Your wife Elizabeth will bear you a son, and you are to give him the name John.
14 HATBSA Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li. BSB BSB: He will be a joy and delight to you, and many will rejoice at his birth,
15 HATBSA “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant. BSB BSB: for he will be great in the sight of the Lord. He shall never take wine or strong drink, and he will be filled with the Holy Spirit even from his mother’s womb.
16 HATBSA Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a. BSB BSB: Many of the sons of Israel he will turn back to the Lord their God.
18 HATBSA Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.” BSB BSB: “How can I be sure of this?” Zechariah asked the angel. “I am an old man, and my wife is well along in years.”
19 HATBSA Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. BSB BSB: “I am Gabriel,” replied the angel. “I stand in the presence of God, and I have been sent to speak to you and to bring you this good news.
20 HATBSA Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.” BSB BSB: And now you will be silent and unable to speak until the day this comes to pass, because you did not believe my words, which will be fulfilled at their proper time.”
21 HATBSA Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan. BSB BSB: Meanwhile, the people were waiting for Zechariah and wondering why he took so long in the temple.
22 HATBSA Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè. BSB BSB: When he came out and was unable to speak to them, they realized he had seen a vision in the temple. He kept making signs to them but remained unable to speak.
23 HATBSA Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li. BSB BSB: And when the days of his service were complete, he returned home.
24 HATBSA Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di: BSB BSB: After these days, his wife Elizabeth became pregnant and for five months remained in seclusion. She declared,
25 HATBSA “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”. BSB BSB: “The Lord has done this for me. In these days He has shown me favor and taken away my disgrace among the people.”
27 HATBSA a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. BSB BSB: to a virgin pledged in marriage to a man named Joseph, who was of the house of David. And the virgin’s name was Mary.
28 HATBSA Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye avèk ou. Ou beni pami fanm yo!” BSB BSB: The angel appeared to her and said, “Greetings, you who are highly favored! The Lord is with you.”
29 HATBSA Men Marie te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye. BSB BSB: Mary was greatly troubled at his words and wondered what kind of greeting this might be.
30 HATBSA Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. BSB BSB: So the angel told her, “Do not be afraid, Mary, for you have found favor with God.
31 HATBSA Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus. BSB BSB: Behold, you will conceive and give birth to a son, and you are to give Him the name Jesus.
32 HATBSA Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David. BSB BSB: He will be great and will be called the Son of the Most High. The Lord God will give Him the throne of His father David,
33 HATBSA Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.” BSB BSB: and He will reign over the house of Jacob forever. His kingdom will never end!”
35 HATBSA Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. BSB BSB: The angel replied, “The Holy Spirit will come upon you, and the power of the Most High will overshadow you. So the Holy One to be born will be called the Son of God.
36 HATBSA Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. BSB BSB: Look, even Elizabeth your relative has conceived a son in her old age, and she who was called barren is in her sixth month.
37 HATBSA Paske anyen pa enposib avèk Bondye.” BSB BSB: For no word from God will ever fail.”
39 HATBSA Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda. BSB BSB: In those days Mary got ready and hurried to a town in the hill country of Judah,
40 HATBSA Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth. BSB BSB: where she entered the home of Zechariah and greeted Elizabeth.
41 HATBSA Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an. BSB BSB: When Elizabeth heard Mary’s greeting, the baby leaped in her womb, and Elizabeth was filled with the Holy Spirit.
42 HATBSA Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! BSB BSB: In a loud voice she exclaimed, “Blessed are you among women, and blessed is the fruit of your womb!
43 HATBSA Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen? BSB BSB: And why am I so honored, that the mother of my Lord should come to me?
44 HATBSA Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. BSB BSB: For as soon as the sound of your greeting reached my ears, the baby in my womb leaped for joy.
45 HATBSA Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.” BSB BSB: Blessed is she who has believed that the Lord’s word to her will be fulfilled.”
47 HATBSA Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an. BSB BSB: and my spirit rejoices in God my Savior!
49 HATBSA Paske Toupwisan an te fè gwo bagay pou mwen. Non Li sen. BSB BSB: For the Mighty One has done great things for me. Holy is His name.
50 HATBSA Epi mizerikòd Li sou jenerasyon apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo. BSB BSB: His mercy extends to those who fear Him, from generation to generation.
51 HATBSA Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo. BSB BSB: He has performed mighty deeds with His arm; He has scattered those who are proud in the thoughts of their hearts.
52 HATBSA Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo, e Li egzalte sila ki enb yo. BSB BSB: He has brought down rulers from their thrones, but has exalted the humble.
53 HATBSA Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay; e Li voye rich yo ale avèk men vid. BSB BSB: He has filled the hungry with good things, but has sent the rich away empty.
54 HATBSA Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a, kon yon sonj mizerikòd Li, BSB BSB: He has helped His servant Israel, remembering to be merciful,
55 HATBSA jan Li te pale a zansèt nou yo, a Abraham avèk jenerasyon Li yo jis pou tout tan”. BSB BSB: as He promised to our fathers, to Abraham and his descendants forever.”
56 HATBSA Marie te rete avèk li pandan anviwon twa mwa, e te retounen lakay li. BSB BSB: Mary stayed with Elizabeth for about three months and then returned home.
57 HATBSA Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis. BSB BSB: When the time came for Elizabeth to have her child, she gave birth to a son.
58 HATBSA Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li. BSB BSB: Her neighbors and relatives heard that the Lord had shown her great mercy, and they rejoiced with her.
59 HATBSA Li te vin rive ke nan uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li. BSB BSB: On the eighth day, when they came to circumcise the child, they were going to name him after his father Zechariah.
60 HATBSA Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men l ap rele Jean.” BSB BSB: But his mother replied, “No! He shall be called John.”
61 HATBSA Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.” BSB BSB: They said to her, “There is no one among your relatives who bears this name.”
62 HATBSA Konsa, yo te fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li. BSB BSB: So they made signs to his father to find out what he wanted to name the child.
63 HATBSA Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: “Non li se Jean”. Yo tout te etone. BSB BSB: Zechariah asked for a tablet and wrote, “His name is John.” And they were all amazed.
64 HATBSA Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye. BSB BSB: Immediately Zechariah’s mouth was opened and his tongue was released, and he began to speak, praising God.
65 HATBSA Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo. BSB BSB: All their neighbors were filled with awe, and people throughout the hill country of Judea were talking about these events.
66 HATBSA Tout sila ki te tande koze sa yo te sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li. BSB BSB: And all who heard this wondered in their hearts and asked, “What then will this child become?” For the Lord’s hand was with him.
67 HATBSA Papa li, Zacharie, ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di: BSB BSB: Then his father Zechariah was filled with the Holy Spirit and prophesied:
68 HATBSA Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a. BSB BSB: “Blessed be the Lord, the God of Israel, because He has visited and redeemed His people.
69 HATBSA Li te leve yon kòn sali pou nou lakay David la, sèvitè Li a. BSB BSB: He has raised up a horn of salvation for us in the house of His servant David,
70 HATBSA Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an, BSB BSB: as He spoke through His holy prophets, those of ages past,
71 HATBSA Delivrans sou lènmi nou yo, ak nan men a tout sila ki rayi nou yo; BSB BSB: salvation from our enemies and from the hand of all who hate us,
72 HATBSA pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an, BSB BSB: to show mercy to our fathers and to remember His holy covenant,
73 HATBSA Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an, BSB BSB: the oath He swore to our father Abraham, to grant us
74 HATBSA pou pèmèt ke nou menm, ki te delivre nan men lènmi nou yo, ta kapab sèvi Li san krent, BSB BSB: deliverance from hostile hands, that we may serve Him without fear,
75 HATBSA nan sentete ak ladwati devan Li, pandan tout jou nou yo. BSB BSB: in holiness and righteousness before Him all the days of our lives.
76 HATBSA Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an; BSB BSB: And you, child, will be called a prophet of the Most High; for you will go on before the Lord to prepare the way for Him,
77 HATBSA pou bay pèp Li a konesans a sali a, pou padon peche pa yo. BSB BSB: to give to His people the knowledge of salvation through the forgiveness of their sins,
78 HATBSA Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an, k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou. BSB BSB: because of the tender mercy of our God, by which the Dawn will visit us from on high,
79 HATBSA Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò a, pou gide pye nou nan chemen lapè a. BSB BSB: to shine on those who live in darkness and in the shadow of death, to guide our feet into the path of peace.”
80 HATBSA Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël. BSB BSB: And the child grew and became strong in spirit; and he lived in the wilderness until the time of his public appearance to Israel.